2023 SPFC students eat lunch outside with councilors

Pwogram Vakans

Home » Pwogram Vakans

Find a Class

Pwogram Vakans Mwa Avril

22 Avril– 25 Avril, 2025

Nou kontan prezante yon nouvo seri pwogram pou jèn pandan semèn vakans yo nan Lekòl Eliot! Premye pwogram nan ap fèt pandan vakans mwa Avril 2025 lan sòti Madi 22 Avril jiska Vandredi 25 Avril 2025 apati 9:30 AM pou rive 3:15 PM. Pwogram sa a ap sèvi elèv ki gen 6 a 12 an.

Aprann plis sou pwogram sa a isit la!

Atelye Ete yo

16 Jen–27 Jen, 2025

Atelye Ete se yon nouvo pwogram pou jèn nan Lekòl Eliot pou ane 2025 lan. Pwogram sa yo ki dire yon semèn se pou elèv ki gen laj 9 rive 12 ak 15 rive 17 an epi yo dewoule sòti 9:30 AM jiska 3:00 PM, Lendi rive Vandredi.

Aprann plis sou pwogram sa a isit la!

Pwogram Ete pou Timoun

30 Jen–15 Out, 2025

Pwogram Ete pou Timoun yo louvri pou elèv ki gen 6  rive 8 an ak 9 rive 12 an. Nou ofri kat klas an menm tan pandan chak sesyon maten ak aprèmidi yo. Chak klas gen twa pwofesè k’ap sipèvize 12 elèv. Klas yo ap fèt andedan lekòl nou an.Tan pou manje midi, ti goute, ak jwèt lib ap fèt deyò.

Aprann plis sou pwogram sa a isit la!

Enfòmasyon pou Fanmi ki Enskri

Fòm Obligatwa

Pou asire sekirite ak byennèt elèv nou yo, nou mande pou gadyen yo ranpli yon Pakè Enfòmasyon ak Akò Patisipan anvan premye jou pwogram lan pou pitit yo. Nou pral voye enstriksyon detaye yo dirèkteman bay fanmi ki enskri yo. Nou pa bezwen dokiman medikal ak kat vaksen. 

Kisa Pou Pote

  • Boutèy dlo 
  • Manje midi 
  • De manje  pou poz maten ak aprèmidi
  • Soulye fèmen tankou tenis oswa bòt pou klas bwa (Tanpri pa mete Crocs )
  • Elastik oswa pens pou kenbe cheve long nan klas bwa
  • EpiPen, medikaman, oswa ponp (si sa aplikab) 
  • Atik Siplemantè pou Vakans Ete: 
    • Pwoteksyon kont solèy tankou chapo, krèm solèy
    • Kostim deben pou benyen ak sèvyèt (opsyonèl pou jwe nan dlo jou ki cho yo)
    • rad pou chanje (opsyonèl)

Kontak Anplwaye Pwogram nan

Emma Ellis, Manadjè Edikasyon Kominotè 

Erin Hernandez, Kowòdonatè Edikasyon Kominotè

Règleman Pou Depoze ak Vin Chache

  • Tout timoun dwe siyen lè yo rive ak kite fèy prezans lan chak jou. 
  • Timoun ki poko gen  11 an ap sèlman lage bay paran/gadyen yo oswa kontak ijans yo. Nenpòt chanjman nan plan vin chache yo dwe ekri sou fèy prezans lan.  
  • Timoun ki gen 11 an oswa plis ka siyen pou tèt yo antre ak sòti nan pwogram nan si yo gen pèmisyon ekri nan Fòm Enfòmasyon ak Akò Patisipan yo. 
  • Yon gran frè oswa gran sè ka vin chache yon timoun ki gen mwens pase 11an, si yo gen omwen 12 an epi paran/gadyen an te bay avi .
  • Tanpri vin chache pitit ou a alè nan lè ki fikse pou ranvwa a. Yo ap fè w peye $20 pou chak 15 minit anplis. 
  • Tanpri pa pote okenn bèt kay lè w ap vin depoze oswa chache pitit ou. Gen kèk manm nan kominote nou an ki trè sansib oswa alèjik ak bèt. 

Absans, Rive Anreta, Kite Bonè 

Si pitit ou a (oswa pitit ou yo) bezwen manke yon jou pwogramasyon, rive anreta, oswa kite bonè, tanpri kontakte pèsonèl administratif Eliot School nan 617-524-3313 pi vit posib. 

Ranbousman ak Anilasyon

Si ou retire patisipasyon w de semèn (14 jou) oswa plis anvan dat kòmansman yon pwogram, n’ap remèt ou 100%  frè ou te peye a, mwens $20 frè pwosesis peyman nou an chaje. Nou pa bay ranbousman si ou retire patisipasyon mwens pase de semèn anvan dat pwogram yo kòmanse. 

Li pa posib pou retire patisipasyon dirèkteman atravè sit entènèt nou an. Tanpri kontakte Kowòdonatè Edikasyon Kominotè  nou an pou retire patisipasyon w.  

Si yon maladi grav, gwo blesi, oswa lanmò nan fanmi fè w bezwen retire patisipasyon w nan yon klas andeyò delè nòmal nou an, tanpri pale ak Kowòdonatè Edikasyon Kominotè nou an pou fè aranjman espesyal.  

Règleman Sante ak Sekirite

 

Règleman Kòd Kondwit

 

slot gacor slot gacor hiatoto