Find a Class
Pwogram Vakans Mwa Avril
22 Avril– 25 Avril, 2025
Nou kontan prezante yon nouvo seri pwogram pou jèn pandan semèn vakans yo nan Lekòl Eliot! Premye pwogram nan ap fèt pandan vakans mwa Avril 2025 lan sòti Madi 22 Avril jiska Vandredi 25 Avril 2025 apati 9:30 AM pou rive 3:15 PM. Pwogram sa a ap sèvi elèv ki gen 6 a 12 an.
Pandan semèn nan, elèv yo pral resevwa enstriksyon nan pwojè: travay bwa ak atizana vizyèl. Elèv yo pral plase nan de gwoup selon laj: 6-8 an ak 9-12 an. Gwoup sa yo pral altène ant travay bwa ak atizana vizyèl nan maten ak aprè midi.
Klas yo limite a 12 elèv pou pèmèt atansyon endividyèl. De anseyan dirije enstriksyon nan chak pwojè. Enstriksyon yo ap fèt andedan lekòl Eliot la. Tan pou jwe, pran ti goute, ak manje ap fèt swa anndan lekòl la ak, lè tan an pèmèt, nan lakou lekòl la. Detay sou sa n’ap ofri yo ap poste an Janvye; tounen tcheke!
Kijan Pou Enskri
Enskripsyon pou Pwogram Vakans mwa Avril 2025 lan ap ouvri a midi Mèkredi 29 Janvye 2025. Nou trete enskripsyon yo estrikteman sou yon baz premye ki vini, premye ki sèvi.Tanpri sonje ke tout enskripsyon ak frè yo se pou semèn yo sèlman.
Tanpri li règleman nou yo sou ranbousman ak retrè anvan ou enskri. Si ou gen nenpòt kesyon, rele Manadjè Edikasyon Kominotè, Emma Ellis nan 617-553-1387 oswa voye yon imèl nan [email protected].
Klas yo
April Vacation Program, Ages 6-8
April Vacation Program, Ages 9-12
Pri ak Asistans Finansye
Pwogram nan ap koute $510 pou chak elèv.
Tanpri vizite paj bousdetid nou an pou plis enfòmasyon sou aplikasyon pou èd finansye pou pwogram Avril Break.
Orè Chak Jou
| Lè | Aktivite |
|---|---|
| 9:30 AM | Depoze |
| 9:30 AM-12:00 PM | Enstriksyon Maten |
| 12:00-12:45 PM | Manje Midi |
| 12:45-3:15 PM | Enstriksyon Aprèmidi |
| 3:15 PM | Ranvwa |
